Fo Pwodwi, ki konsekans reyèl li ?

Image Not Found

Chak ane, plizyè milye dola pèdi nan mond lan akoz  » contre façon  »sa vle di pwodui kopi oswa fo ki fèt san otorizasyon. Sa yo pa sèlman mete ekonomi ak kreyatè yo an danje, men tou yo mete sante piblik, sekirite ak dwa legal anpil sitwayen an risk. Jodi a, nan kad Jounen Mondyal  »contre façon  », nou mete limyè sou gravite fenomèn sa a.

Pwodui contre façon yo pa toujou respekte règleman, ni yo pa teste. Medikaman fo, kosmetik danjere, manje ki pa sètifye — tout sa yo mete lavi moun an danje. Gen moun ki ka mouri oswa vin malad paske yo itilize sa yo panse ki orijinal, men ki se kopi.

Contre façon fè biznis legal yo pèdi lajan, e sa mete travayè yo an difikilte. Lè yon konpayi pa vann ase paske kopi ap sikile, li ka koz li pa kapab peye anplwaye li, ni mete nouvo pwodwi sou mache. Se tout ekonomi lokal la ki soufri.

Dwa pwopriyete entèlektyèl tankou mak komèsyal, patant ak dwa otè se zouti legal ki pwoteje inovasyon ak kreyasyon. Contre façon kraze dwa sa yo. Lalwa, ni an Ayiti ni nan lòt peyi, kondane contre façon e prevwa pinisyon sevè kont li.

Antanke sitwayen kap fè pwomosyon pou dwa pwodiktè ak antreprenè ou dwe;

  • Evite achte fo pwodwi, menm si yo pi bon mache
  • Sipòte atizan, kreyatè ak biznis lokal ki fè bon jan travay
  • Verifye orijin pwodwi ou achte (etikèt, kote ou achte l, repitasyon mak la)

Contre façon se pa yon ti bagay. Se yon zak ilegal ki gen konsekans grav sou lavi moun, sou devlopman peyi, epi sou lavni jenerasyon kreyatif yo. Se devwa pa nou tout pou n chwazi orijinal, denonse kopi, epi defann sa ki fèt ak respè.