Akreditasyon: Yon Estrateji pou Antrepriz ak Antreprenè ki vle fè enpak

Image Not Found

Nan yon sosyete kote moun ap chèche plis transparans, plis garanti sou sa y ap achte oswa itilize, akreditasyon vin tounen yon zouti esansyèl pou tout aktè ekonomik — kit se gwo biznis, ti antrepriz, oswa jèn antreprenè k ap lanse premye pwojè yo.

Akreditasyon, se rekonesans ofisyèl ki montre ke ou respekte yon seri kritè oswa estanda kalite. Sa vle di ou pa jis ap opere; wap opere nan kad regleman ak bon pratik, epi ou kapab bay garanti sou sa w ap ofri.

Pou yon antreprenè, sa vle di plis pase sèlman mete biznis sou pye. Se antre nan yon dinamik kote ou aksepte kontwòl, evalyasyon, ak amelyorasyon kontinyèl. Ou pa fonksyone sou chans — ou fonksyone sou bon jan estrikti. Lè ou chèche akreditasyon, se tankou ou di: « M pa la pou fè eksperyans sou kliyan; m la pou sèvi yo seryezman. »

Akreditasyon ajoute valè sou non w, Li ogmante konfyans kliyan, pèmèt nou antre nan rezo plis fòmèl (kontra, patenarya, finansman). Li montre ke ou pa izole ou konekte ak yon sistèm ki egzije disiplin.
Pou antrepriz ki opere nan domèn tankou edikasyon, sante, touris, manje, oswa teknoloji, akreditasyon se pafwa yon kondisyon legal oswa komèsyal. Men pou lòt biznis tou, li vin tounen yon eleman distenktif. Antreprenè ki konprann sa, kòmanse mete baz pou fè biznis yo pase de « senp ide » a yon « mak serye ».

Antreprenarya pa dwe limite a kreyativite oswa inovasyon; li dwe mete aksan sou konfyans, etik, ak bon jan estrikti. E se sa akreditasyon vin soutni: li montre kijan pou’w pare pou al pi lwen, sou mache lokal kou entènasyonal.

Se pa yon tèm teknik sèlman, se yon vizyon. Se desizyon pou w pa fè bagay yo pou yon ti kal tan, men pou w mete yo sou pye pou yo dire.