
Dimanch 28 septanm 2025 sa, nan Bibliyotèk Michel Tardieu resevwa dewoulman dezyèm edisyon « À la rencontre de nos CHANPYON » yon inisyativ KIKOTE Ayiti avèk e pou kominote CHANPYON an. Aktivite sa a rive rasanble plis pase yon santèn jèn ki te vini pou yo eksplore, pataje epi selebre lespri kreyativite ak antreprenarya lakay CHANPYON yo.
Jounen an te kòmanse ak drapo a ki te monte se yon rapèl ke gen yon sèl Ayiti e se devwa tout pitit li pou leve li pi wo. Apre sa te gen animasyon ak plizyè prestasyon, jwèt ak defi ki mete tout moun nan yon bon anbyans. Te gen yon Defile ki te mete an avan kreyasyon kèlke moun nan kominote e ki te tou pwofite prezante zèv ak akseswa rès CHANPYON ki te la yo. Avan kloti aktivite a Congo ofri yon bèl prestasyon kote li raple nou kiyès nou ye kòm pèp e piblik la te reponn byen DJOUGAN ak animasyon sa a, DJ Pike Mix bò kote pal te bay piblik la chalè ak bèl anbyans.
CHANPYON yo te pwofite prezante talan ak pwojè yo nan plizyè domèn :
● Henry spa et massage te ofri yon sèvis espesyal masaj pou moun ki te la yo
● te gen anpil goute swa gato, koptèl ak lòt bon pwodui lokal,
● atis ak kreyatè yo te mete talan yo devan, yo te fè penti sou po, jwe domino e rekreye yon lespri kominote ak yon piblik pi laj.
Plizyè òganizasyon ak gwoup te pran patisipasyon pou soutni ak bay plis valè ak evènman an, pami yo nou jwenn :
● Quick Ayiti
● Miltipasyone Gwoup
● Kominote Milyonè yo
● Asosiyasyon VILAJLA
● Kleb Timoun Responsab ki soti nan fondasyon Maurice Sixto
● Gwoup Kiwo Sen Pyè(pv)

Prezans yo te bay jounen an plis sans, epi te mete aksan sou enpòtans solidarite ak kolaborasyon ant jèn yo. Men jounen sa pa tap rive reyalize san kontribisyon anpil moun nan kominote, ni antrepriz ki pa nan kominote a tankou GIDEM ki te metel a dispozisyon nou pou reyalite vityèl la, D’S Distribution ki te jere vant ekip la Drid Entreprise nan lojistik mèsi pa sifi.
Dezyèm edisyon « À la rencontre de nos CHANPYON »sa se te yon vre fèt pou jenès, kreyativite ak inovasyon. Li te pèmèt patisipan yo rankontre, dekouvri nouvo inisyativ, epi mete plis limyè sou jèn k ap pote espwa yo : CHANPYON yo.