23 Avril – Jounen Entènasyonal Liv ak Dwa Dotè : Yon Angajman Kikote pou Konesans, Kreyasyon ak Respè

Image Not Found

Nan yon mond kote pawòl gen pouvwa pou libere ak transfòme, Kikote vle mete aksan sou Jounen Entènasyonal Liv ak Dwa otè yo.

Jounen sa a pa yon selebrasyon sèlman; li se yon apèl pou refleksyon sou valè konesans, sou travay chak ekriven, powèt, otè, ak kreyatè ki chwazi mete lespri yo sou papye pou louvri pòt lespwa ak limyè pou lòt moun.

Kikote Ayiti kwè, chak mo ki ekri gen yon valè. Chak fraz se yon kontribisyon nan konstriksyon yon sosyete pi lib, pi ekilibre. Se poutèt sa nou pa ka pale de liv san nou pa mete aksan sou dwa dotè — dwa fondamantal pou tout kreyatè.

Image Not Found

Dwa òtè pa sèlman pwoteje travay kreyatè yo, li mete respè sou lanmou, sou tan, sou enspirasyon yo mete nan sa yo bay lektè yo. Li se fondasyon moral ak legal ki soutni endistri liv, edikasyon, ak kilti.

Jodi a, Kikote lanse yon apèl bay tout jèn, tout lektè, tout kreyatè, tout tizè

ou dwe li plis, respekte sa w li, bay valè a sa moun kreye.

Paske chak liv ou louvri se yon pòt sou lespwa, chak dwa otè ou respekte se yon semans ou plante pou kreyasyon kontinye fleri.

 Kikote se vwa jèn kreyatè. Se lespwa pou tout moun ki kwè nan pouvwa ide. Jounen sa, nou chita bò kote tout otè pou di : nou wè nou. Nou apresye nou. Nou la pou nou defann nou.